Haiti - Drame: La Police detere kadav 2 jèn gason san tèt yo nan yon fòs nan peristil kay yon ougan yo rele Titit nan OKAY - Men Koman sa pase (IMAJ CHOK)

Haiti - Drame: La Police detere kadav 2 jèn gason san tèt yo nan yon fòs nan peristil kay yon ougan yo rele Titit nan OKAY - Men Koman sa pase (IMAJ CHOK)



Kadav Michelet Bauzil, Julio Noradin ak tèt yo koupe, lajis detere yo san konnen ki kote tèt yo pase nan yon twou (fòs) lakay peristil ougan (divinò) Titit ensikoni. Se dimanch 11 mas 2018 la bò 2zè nan aprèmidi lajistis, lapolis, kazèk fè entèvansyon sa nan lokalite lakoyè sou bouri 1er seksyon komin Tòbèk. Nan kad ankèt sou disparisyon viktim yo depi vandredi 9 mas la. Kadav yo aprè konsta ak akò fanmiy transfere nan mòg Nòtredam. Se sa radyo Vwa Klodi Mizo (VKM) konstate.
Videyo :


Otorite yo arète ougan Janel Pointdijour e y ap chache Titi mèt peristil la ansanm ak madanm li pou arète nan kad swivi pou trennen prezime koupab yo devan lajistis.
Nan fouy nan peristil la jij depè Jean Lucien Beauzil, Jean Fresner Destin ak grefye Hugues plis kazèk zòn nan Blaise Etienne ta mansyone yo jwenn zam pistolè kreyòl ak manchèt..
Jonel pierre yon sitwayen lokalite a ta fè remake se pa premye fwa zak sa yo abitye fèt nan zon nan. Konsa li sonje sa gen anviwon yon lane depi yo te jwenn nan yon sak bò lanmè nan menm zòn sa kò yon gason raje. 
2 jèn gason sa yo ki asasinen yo ka genyen depase 30 lane, y ap viv nan vil Okay nan ri jan jak Akao, yo se 2 bon zanmi. Selon fanmiy yo ak vwasinaj yo, plis kèk zanmiy yo ta fè konnen se vandredi a nan laprèmidi yo kite lakay yo ale lakay divinò Titi pou al bat kat pou konnen kiyès moun ki vòlè motosiklèt yonn nan yo. E se sa 2 mesye yo te di yo anvan yo deplase. E se sou baz sa lè yo wè 2 jou pase yo pa ka jwenn mesye yo malgre entèvansyon yo fè bò kote divinò a pou konnen sa ki pase. Divinò Titi te reponn yo konsa yo pa genbe zonbi lakay yo, se moun anvi yo genyen lakay yo. Se lè sa yo menm nan fanmiy lan mete lapolis ak lajistis okouran dimanch maten an pou ankèt.
Daprè Fanmiy lan toujou yo pa jwenn tras telefòn ak lòt motosiklèt 2 mesye yo te ale lakay ougan an. 
Kazèk zòn nan kalifye sa k pase a kòm yon kò gang k ap ransone moun . Sa pa gen anyen pou wè ak pratik ougan.

Jean Claudy Aristil

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Deportation des haitiens par l'immigration dominicaine - Cette VIDEO devrait revolter la conscience des autorités Haitiennes

Mardi 22 mai 2018 : Suivez en DIRECT le Journal PREMYE OKAZYON sur caraïbes FM - Anpil koze nan repiblik la sou Gran Boulva a

HAÏTI - NEWS : Affaire Masturbation - Eudes Lajoie réagit et accuse un militant du parti PHTK "Le type a volé mon téléphone, puis il a retrouvé une..."

HAITI - Affaires Eudes Lajoie - Le directeur de l'ONM réagit et accuse un militant du PHTK

Drame : Deux homme retrouvés mort sans tete au cayes. deux Ougans apprehendés par la Police (VIDEO)

Fausses Rumeurs : Le sénateur Jean Marie Salomon répond à Jojo Lorquet et dit toute la verité de cette Histoire

HAÏTI : Ce pauvre prisonnier raconte sa rencontre avec Clifford Brandt au Penitencier National - "J'ai mangé avec lui, il est converti, il sera..."

Le journaliste vedette BOB C sort de son silence et fait quelques révélations - "Je suis indigné par la façon dont on a traité notre...

Haiti-Flash : Finalement, La PNH réagit sur la disparition du Journaliste Vladimir Legagneur. Ce que l'on sait...

Lundi 26 mars 2018 - Journal "PREMYE OKAZYON" - EN direct / Live sur Radio Caraibes avec BOB C...